Help Best Choice/ Vous orienter vers les meilleurs choix

3 rezon pou achte yon laptop

RSS
3 rezon pou achte yon laptop
Jounen jodia Smartphone prèske jwe tout wòl yon òdinatè ka jwe, men sa pa anpeche ke li se yon bagay ke tout moun ta sipoze genyen. Ki avantaj li prezante?
Akasan ap prezante ou 3 avantaj ke yon òdinatè ofri:
1. Bay anpil posibilite
You òdinè pèmèt ou fè anpil travay, tankou tape, ekri projè, travay mizik dj, enprime ak elatriye lòt ankò. Ou ka distrèw sou li tou, gade fim, tande mizik, jwe sou li... You òdinatè se you zouti pou profesyonel nan kelkeswa domèn aktivite li ye ya.
2. Gen andirans batri
Yon òdinatè gen memwa pou li sèvi 4 è a 12 zè de tan. Konsa ou ka itilize li nenpòt lè menm lè pa gen kouran, depi li chaje.
3. Fasil pou transpòte
Konparativman ak òdinatè biro yo, you laptòp fasil pou transpòte, ou ka vwayaje ak li, al nan reyinyon san fè anpil efò.
Gen plizyè mak laptòp, ki mak ou renmen? E pou kisa?

Article précédent Article suivant

  • Akasantech Infos
Commentaires 0
Laissez un commentaire
Nom:*
Courriel:*
Message: *
* Requis