Help Best Choice/ Vous orienter vers les meilleurs choix

3 konsèy pou paj Facebook biznis ou

RSS
3 konsèy pou paj Facebook biznis ou
Facebook se youn nan rezo sosyal ke yo itilize anpil , dayè nan lane 2019 yo te klasel kòm rezo sosyal ak plis moun aktif sou li. Sa vin fè ke li mande pou antrepriz yo gen yon paj sou Facebook pou profite van pwodui ak sèvis yo.
Men sa ka rive ou toujou ap poste anyen pa janm mache, gen you fason pou pibliye.
Konsa men kek konsèy pou reyisi sou Facebook ak antrepriz ou.
1.Pibliye kontni rich tankou videyo, imaj.
Facebook itilize yon entèlijans atifisyèl ki rele algorithm. Lè ou poste yon videyo li gen yon pi bon chans pou plis moun wèl akòz fòma videyo a ki rich nan miltimedya konpare ak tèks ki pral wè pa mwens moun.
Priyorize kontni videyo ak foto nan sans sa a.
2. Kominike avèk odyans ou
Fondamantalman, Facebook kreye pou kominikasyon, echanj, ou dwe trè aktif epi poste piblikasyon ki jenere dyalòg. Louvri konvèsasyon an pou odyans ou an. Konsa wa va kreye you kominote autou de antrepriz ou a.
3. Pibliye regilyèman
You lòt bagay algorithm Facebook lan ka fè ou mal si ou pa aktif.
Afiche regilyèman ap ede ou soti nan pil lo paj yo. Odyans ou ap toujou la depi ou toujou regilye, se jis yon kesyon dabitid.
Gen anpil moun ki kreye paj Facebook yo ki mache, konsa tou genyen ki pa mache.
Ki konsèy ou ka bay pou ede yon lòt moun.
Pataje ak nou pandan wap kòmante.

Article précédent Article suivant

  • Akasantech Infos
Commentaires 0
Laissez un commentaire
Nom:*
Courriel:*
Message: *
* Requis