Akasan Blog

3 avanyaj kle yon group Facebook ka ba yon antrepriz 0
Jan nou abitye dil, Facebook se yon rezo sosyal ki gen plis pase yon milyon itilizatè. Alòs yon entrepriz ki pa itilizel pou biznis li nan erè.
Sitou group kew kreye sou Fb ki bay anpil avantaj.
1.Yon group Facebook pèmèt ou afiche domèn aktivitew, sou li ou ka ba moun konsèy et konvèse ak yo, konsa wap bay pi bon sèvis et amelyore kalite produi ou yo.
2.Yon group Fb ki bien anime pèmèt ou fòme yon kominote fan ak kliyan ki renmen sa wap fè a, e yo ka menm envite lòt zanmi yo rejwen group la, sa ap fèw gen plis patisipan epi gen anpil chans pou moun sa yo vin kliyan tou. Ou pa janm konnen.
3. Konparativman ak lè ou fè yon piblikasyon sou Fb ki pa al jwen tout moun a mwens ke ou te paye pou piblisite, sou yon group Fb piblikasyon yo al jwen tout moun ki sou group la. Yon fason pou atenn yon ansanm de moun san peye yon goud.
Group Facebook gratis, ou ka kreye plizyè, sa depan de ou, depi jodiya kreye ou group pou ede biznis ou grandi.
Ou menm ki gen yon group FB pou biznis ou, Ki lòt avantaj li ba ou? Pataje ak nou.

3 sit pou aprann maketing digital gratis ti cheri 0
Avèk evolisyon entènèt, mond lan preske digitalize sou tout fòm, donk li enpòtan pou konnen e konpran kòman pou adaptew e konpran marketing digital pou biznis ou.
Men 3 sit gratis ke ou ka aprann maketing digital :
Facebook Blueprint : Sou gen plis pase 90 kou en liy pou ede moun ki gen antrepriz bay pi bon pèfomans, li gratis tou.
Hubspot academy, kou sa yo disponib ak tout sètofika, li bow posibilite pou gade videyo epi wap jwen bon jan dokiman sou koze kòman ou gere rezo sosyo ak elatriye lòt sijè ki gen rapò ak maketing digital.
Maketing digital bay anpil opòtine, pa ezite fòme tèt ou pou ka grandi antrepriz ou.
Ou nan yon nan kou sa yo? Ki eksperyans ou? Pataje ak nou.

Gade eta telefòn ou ak yon aplikasyon san peye yon goud 0
Telefòn ki nan men w lan se byen w li ye, ou supoze pran swen li, ou pa oblije se lè li pa ka ouvri obyen lap chofe, lap ba ou lòt poblèm pou ou kon sa li genyen, ou ka gade eta telefòn nan byen fasil san ou pa depanse pou sa.
Men kòman :
2.Telechaje "Phone doctor plus"
3.Wap klike sou "Interaction " epi lap ba ou tout detay sou telefòn nan tankou batri, touch yo, mikro etc..
Aplikasyon sa valab e pou iphone e pou android.
Depi jodiya ba telefòn ou yon ti egzamen ak "Phone docteur plus"
Ou pap regrèt !!!
Ou itilize aplikasyon sa ? Ki sa w panse?
Pataje ak nou nan kòmantè.
Tag yon zanmiw poul ka pran konesans de li.

Yon Teknik efikas pou nenpòt moun pa ajoutew nan group WhatsApp 0
Eske sa rive w deja yo mete nan yon group whatsapp san yo pa mande aviw?
Ou jus wè ou nan yon group, ou pa kon kiyès ki mete w? Enben men kòman pou evite sa.
1.Ou prale nan "Paramètres" sou whatsapp ou a.
2. Klike sou "Confidentialités"
3. Wap seleksyone group.
4. Chwazi nan meni an " Mes contact sauf…" , lap ba ou list kontak ou nèt.
5. Wap di " Tout selectionner"
Epi lapè, moun pa gen dwa metew nan group san ou pa konnen davans, nan ka sa, moun lan ap voye lyen an ba ou, epi wap jus antre poukò w, ak pròp volonte w.
Astis sa te itil ou? Pa neglige tag e pataje ak zanmiw pou nou ka jwen plis toujou.