Help Best Choice/ Vous orienter vers les meilleurs choix

Yon fason byen senp pou konnen lè yon moun vle pirate kont Facebook ou

RSS
Yon fason byen senp pou konnen lè yon moun vle pirate kont Facebook ou
Jounen jodia ou souvan tande yo pale de pirataj, individi mal entansyone sa yo souvan itilize you lyen ke yo voye baw,siw ta klike sou li ou ka tou ba li aksè a kont paw la, epi li piratew!
Malgre tout fasilite ke you moun genyen pou li aksede a kont ou, gen mwayen ke Facebook bay pou kapab sekirize kont ou
Men youn ke nou pote pou ou, ou kapab fèl apati de telefòn ou.Men koman pu fèl :
-Ou pral nan "paramètres "
Wap seleksyone "sécurité " epi chwazi "Sécurité et connexion "
Klike sou "utlisation d'authentification à deux facteurs " wap pran Texto (Sms)
Wap fe "ajouter un numero de téléphone "
Tape numero telefòn kew ap sèvi a.
Epi facebook ap voye you kod ba ou pa mesaj text
-Yap mandew antre "code de confirmation" ki se kod ke ou resevwa pa mesaj la epi wap klike sou "continuer" epi yap diw ke li reyisi wap klike sou "ok"
Kelkeswa moun ki ta anvi konekte sou kont ou yap avetiw de sa, san code de confirmation an, oken moun pap gen aksè a kont ou.
Ki lòt mwayen ou panse ou ka itilize, pataje ak nou pandan wap kòmante.

Article précédent Article suivant

  • Akasantech Infos
Commentaires 0
Laissez un commentaire
Nom:*
Courriel:*
Message: *
* Requis